KI SA NOU YE
Sèvis South Florida pou moun kap vwayaje chak jou ( South Florida Commuter Ser vices)
Pwogram nou yo kapab ede ou nan pa pèdi tan ak lajan ; anplis desa, anmèdman trafik la sèlman, ou deja pap gen pou okipe sa!
An mwayen moun ki vwayaje chak jou pou ale nan travay yo nan South Florida fè plis pase 20 mil alevini. Nou kalkile konbyen sa fè:
South Florida Commuter Services (SFCS) se yon pwogram ki bay èd pou moun nan rejyon an ki vwayaje chak jou. Se lajan Depatman transpòtasyon nan Florida ( Florida Department of Transportstion ) (FDOT) ki pèmèt pwogram lan ki fè yo kapab bay èd bay moun ki vwayaje chak jou, bay biznis, bay kominote nan distrik Miami-Dade, Broward ak Palm Beach yo. Pwogram lan bay yon seri sèvis gratis, tankou vwayaje ansanm nan oto oswa vwayaje ansanm nan kamyonèt, pwogram yo rele Pran roulib rive lakay ankadijans ( Emergency Ride Home ) (HER), ak tout lòt pwogram ak sèvis pou fasilite transpòtasyon.
Gen yon sant ki louvri pandan 24 è ki la pou reponn tout kesyon moun ki vwayaje chak jou ta genyen sou vwayaje ansanm nan oto, vwayaje ansanm nan kamyonèt ak sou Emergency Ride Home pwogram la. Epitou, sant la bay enfòmasyon sou Tri-Rail, Broward County Transit (BCT), Miami-Dade Transit (MDT) ak Palm Beach Transit (PalmTran).
Pou piplis enfòmasyon sou pwogram ak sèvis SFCS la, ale nan Entènèt nan adrès www.1800234ride.com oswa rele nimewo 1-800-234-RIDE (7433).
Pran roulib ansanm!

- Plis pase 100 mil pa semèn oswa 8000 mil pa an pou vwayaje chak jou pou ale nan travay.
- 62 minit pa jou, 5 èdtan pa semèn, oswa 258 èdtan pa an pase nan voyaje chak jou pou ale nan travay.
- 3 528 dola depanse pou yon machìn (san konte pakìn oswa tol) sèlman pou vwayaje chak jou pou ale nan travay.
- 239 liv polisyon nan lè a ki ajoute chak ane.
South Florida Commuter Services (SFCS) se yon pwogram ki bay èd pou moun nan rejyon an ki vwayaje chak jou. Se lajan Depatman transpòtasyon nan Florida ( Florida Department of Transportstion ) (FDOT) ki pèmèt pwogram lan ki fè yo kapab bay èd bay moun ki vwayaje chak jou, bay biznis, bay kominote nan distrik Miami-Dade, Broward ak Palm Beach yo. Pwogram lan bay yon seri sèvis gratis, tankou vwayaje ansanm nan oto oswa vwayaje ansanm nan kamyonèt, pwogram yo rele Pran roulib rive lakay ankadijans ( Emergency Ride Home ) (HER), ak tout lòt pwogram ak sèvis pou fasilite transpòtasyon.
Gen yon sant ki louvri pandan 24 è ki la pou reponn tout kesyon moun ki vwayaje chak jou ta genyen sou vwayaje ansanm nan oto, vwayaje ansanm nan kamyonèt ak sou Emergency Ride Home pwogram la. Epitou, sant la bay enfòmasyon sou Tri-Rail, Broward County Transit (BCT), Miami-Dade Transit (MDT) ak Palm Beach Transit (PalmTran).
VWAYAJE ANSANM NAN OTO - Avèk SFCS li fasil pou jwenn moun pou vwayaje ansanm. Nou gen pwogram sou òdinatè nou ki pèmèt nou fè moun vwayaje ansanm paske yo rete e yo travay tou pre yon ak lòt, vwayaje menm lè e yo enterese nan vwayaje ansanm. Nou kapab ba ou yon lis moun sa a yo. | |
VWAYAJE ANSANM NAN KAMYONÈT - Eske ou ta vle fè lekti, prepare travay ou, relage pandan ou pral travay? Petèt ou ta renmen vwayaje ansanm nan yon kamyonèt. Nan kalite sèvis sa a, se yon gwoup 5-15 moun ki vwayaje ansanm e ki pataje depans yo pou rive nan travay la. SFCS kapab ede ou rantre nan yon gwoup oswa fòme gwoup pa ou ki satisfè bezwen ou. Epitou, nou kapab fè ou kontakte moun ki bay sèvis vwayaje ansanm nan kamyonèt, ak enfòmasyon sou tout kalite èd ki genyen pou | |
TRANZYT - Tranzyt kapab mwen chè ak pi fasil pase vwayaje ak moun kap kondwi menm si se pa pou tou le jou. SFCS kapab ede ou nan òganize vwayaj ou pou soti nan pwen A pou rive nan pwen B, avèk otobis, tren MDT, BCT, PalmTran, oswa Tri-Rail. Epitou nou kapab ba ou enfòmasyon sou pwogram abapri ki genyen. | |
ROULIB RIVE LAKAY ANKADIJANS (EMERGENCY RIDE HOME (ERH) - Eske ou ta renmen vwayaje ansanm ak lòt moun, men ou pè gen de lè fòk ou ta rive lakay ou prese ankadijans? Pwogram ERH la se asirans moun ki vwayaje ansanm genyen. Moun ki vwayaje ansanm nan oto, nan kamyonèt, ki sèvi ak bekàn, ki pran tranzyt, oswa de pye yo, gen fasilite pou yo pran taksi gratis rive lakay yo ankadijans oswa anka yo travay ta. Avèk pwogram sa a ou gen dwa pran roulib nan taxi gratis sis fwa pa an. |
Pou piplis enfòmasyon sou pwogram ak sèvis SFCS la, ale nan Entènèt nan adrès www.1800234ride.com oswa rele nimewo 1-800-234-RIDE (7433).
Pran roulib ansanm!
A Program of the